03/05/2026
DR.LOUIS DANTIL: YON ENTELEKTYEL ANGAJE POU YON ENPAK POZITIF ATRAVE KREYASYON AK DEVLOPMAN ANTREPRIZ KI KA REZOUD PWOBLEM PEYI A E KI KA EDE DEVLOPE KOMINOTE AYISYENN NAN.
Jodi a, nap prezante nou pakou yon gwo vizyonè kap travay pou transfòme mantalite nou atravè edikasyon ak teknoloji.
YON PAKOU AKADEMIK DEBÒDE (DOKTORA AK METRIZ)
Louis Dantil se yon modèl ekselans. Li pase nan pi gwo inivèsite nan peyi Espay (Universitat Jaume I) ak Kolonbi:
Doktè (PhD): Li gen yon Doktora nan Jesyon Konfli ak Devlopman (li gradye ak distenksyon maksimòm: (Suma Cum Laude).
Avék 3 Metriz:
Metriz: nan Etid Entenasyonal pou lapè, Konfli ak devlopman.
Metriz: nan Koperasyon pou Devlopman: Espesyalis nan politik piblik.
Metriz: nan Kreye ak Devlope Antrepriz Innovan Entenasyonal.
Li gen yon Lisans nan Filozofi: Sa ki ba li yon gwo kapasite analiz sou lavi ak sosyete a.
SE YON PROFESÈ INIVÈSITÈ AK CHÈCHÈ:
Louis pa sèlman gen diplòm, li pataje konesans li nan nivo ki pi wo:
Li se Pwofesè Metodoloji Rechèch Syantifik ak Jesyon Pwojè nan inivèsite USFAH ak UPLEH nan peyi D’Ayiti.
Li te pwofesè envite nan Inivèsite Otònòm Barcelone (UAB) nan peyi Espay, kote li te
anseye sou Kominikasyon ak Edikasyon.
Li devlope yon metòd inik ki rele Giro Semántico Lingüístico (GSL) ak metòd ASLD (Análisis Semántico-Lingüístico del Discurso) pou ede nou konprann kòman diskou yo kontribye nan konstriksyon realite epi fason pou nou chanje reyalite sa yo.
LOUIS DANTIL SE YON ANTREPRENÈ KAP EVOLYE NAN PEYI ESPAY.
Li se Fondatè, CEO plizyè antrepriz tankou EBEP EXPRESS ak LDEALTECH, sa ki montre li se moun ki konn kijan poul transfòme lide an aksyon reyèl.
Jodi a, Louis Dantil mete tout eksperyans sa yo nan sèvis popilasyon an atravè platfom li HUMAN IMPACT OS
Human Impact OS: EDIKE PÈP LA POU YON ENPAK POZITIF
Misyon li klè:
✅ Edikasyon
✅ Chanjman Mantalite
✅ Enpak pozitif atrave kreyasyon ak devlopman antrepriz ki ka rezoud pwoblem peyi a e ki ka ede devlope kominote ayisyenn an
👉 Swiv HUMAN IMPACT OS pouw ka dekouvri yon lòt nivo konesans kap ede w grandi chak jou!