20/04/2025
POLISYE AK FAD'H FÈK KARE MOURI SI SE KONSA!!!
YO POKO MOURI YO PRAL MOURI🙃🙃🙃
ALA PEYI BAY MOUN SÒT TOU PAPA
menm neg kap Vann bandi yo bal la.
Se yo menm kap panse pou sekirite peyi a😀😀😀.
Gwo chèf ap boure lajan ransèyman lapolis tankou kochon. Epi polisye pral mouri pou yo. Yon ti ekzanp tout kout: neg politik yo AK oligat fonsyone menm jan te Gen yon epòk Digicel te preske fè chak ayisyen kado yon telefòn. Men digicel te konnen se nan vann minit telefòn li pral tire kòb la nan boudaw.😀😀 ou pa ta believe that!
Se menm Jan te gen yon epòk neg politik ak oligat te konn mache simen zam nan tout geto gratis. Epi kreye enemi nan mitan neg ak zam yo pou yo goumen antre yo pou bal ka vann bal. Otomatikman vinn gen Viv ansanm ki vinn bay yon lapè. Brigad bwa kale komanse pran nesans😀😀😀😀 daprè oumenm saw konprann? Sitèm nan kap rejenere tèt li pou bal ka vann again😀. Ayiti poko ap gen lapè trop plisye nan gang. Sistèm nan tèlman fò ou ta mande pou gen lapè jounalis ki fè Pati de sistèm nan ap diw nan gang. Sitèm nan tèlman fò gade yon kaka kòmandan Samuel brase bay moun kanapevè bwè la pyès moun pa pale de li. Tout moun vale sa hmmmm. Oligat ak neg politik kreye yon sèl job pou tout ti Jèn se manyen zam. Men kan Viv ansanm nan gen plis kob ke Kan prigad la. Kan Viv ansanm nan yo tou peyew dirèk paske ou konn pksa wap travay. Men Kan brigad la yo fèw kwè se sèvis wap rann zone ou. Epi gwo chèf ki nan tèt brigad yo gen milyon nan poch yo. Pou zam ki nan men neg brigad yo se atè yo jwenn li. Siw bezwen mouri nan brigad la kòm trèt mande chèf ki kote li achte bal, kiyes ki bal minisyon, pou kiyès lap travay?😀😀😀😀 kilè nap kite sòt pèp sa?