01/12/2024
Ensidan ki pase Ench lan, se konsekans yon seri de reskonsab maladadwat ak imoral ki nan tèt lekòl yo, mete sou yon seri de pwofesè pakoti ki pafwa ap ansenye timoun yo e yon seri de paran demisyone.
Anpil fwa, moun sa yo, fè timoun yo anpil apwòch devègonde ki pa gen okenn rapò ak fòmasyon edikatif timoun yo. Malerezman se yon sistèm edikatif kap mache pi mal chak jou Bondye mete.
Pa genyen pyès kontwòl sou sa a timoun yo ap regle andeyò de lekòl yo e pafwa men anndan lekòl yo menm, paske se zafè lajan ki enterese nèg sa yo senpman.
Fòk nou ta dwe santi nou endinye pou sa a ki rive an olye nou chita ap fè nyèzri ak sa a.
Malerezman anpil moun pran plezi nan sa a. konsa a, se vre se Plato santral sa a pase, map soulinye pou moun kap di tout vye pawòl sou jèn timoun ki patisipe nan ak imoral sa a, men mw "sûr" se pa sèlman nan vil Ench ki genyen jan de pratik sa yo a em souvan tande nan yon seri de enstitisyon, direktè kap pwostitye anplwaye ak elèv, pwofesè kap pwostitye elèv oubyen etidyan si nou vle monte nan nivo ki pi wo yo, pafwa pou nòt, pafwa pou lajan, pafwa menm pou yon plat manje, elatriye...
Aprè sa a ki pase nan vil Ench lan, sa mw menm pèsonèlman konsidere kòm yon dram ki regretab anpil, se pou otorite edikatif ak lajistis yo, sin genyen yon tikras dinyite nou menm, kòmanse pa repanse sistèm edikatif nou an ki malad grav, pandan nap fokis sou edikasyon mantal direktè ak anseyan nan lekòl yo, pandan lajistis prè poul pini tout zak malonèt ki mande pou pini jan lalwa mande sa a.
Paran yo, nou genyen pou devwa fè edikasyon timoun yo lakay lan tou, anpil nan nou ki souvan wè nan timoun nou kòm kanè bank..., kòmanse poze timoun nou kesyon pou chak bagay yo rantre lakay nou ak yo, nou pat ba yo.
Imaj jèn timoun yo ka lave si sosyete an ede yo, ann sispann pataje foto, videyo yo ak di vye koze sou yo. Di tèt nou, yo merite bon jan ankadreman ak reedikasyon nan men tout moun ki konprann yo pa reskonsab nan yon sans e kote sosyete an ap bezwen yo.
Dr Wilfène CELIMAR.