14/02/2026
Mwen gen 5 lane Brezil.
Mwen gen 33 lane sou tèt mw. Sa vle di, mwen pase 28 lane ap viv an Ayiti.
An sektanm 2018 pou rive fevriye 2019, mwen pase pi gwo vègòy nan vi m.
Mwen t ap travay, mwen te vin kite travay la paske direktè a te fè frekan ak mwen. Malgre m kite travay la, direktè pa t ka peye ni mwen, ni madanm mw ki t ap travvay tou nan menm enstitisyon an.
Lè l deside peye nou, li peye nou an chikèt. Kidonk, se chak fwa nou pa genyen ditou, se lè sa a li voye je sou nou.
Sa te vin kòz, nou pa t ka sanble lajan pou n te peye lwaye a ki te bout nan mwa Aout 2018.
Mèt kay la ki te bezwen moute kay la, kòm nou te gentan gen 3 lane nan kay la, li di se travay li pral fè nan kay la, pou nou kite kay la ba li.
Tout kay nou tcheke, li pi chè ke kote nou te ye a. Lè sa a, kote nou te ye a te sèlman 25 mil goud.
Tout kay nou tcheke te deja nan 50 mil goud a 70 mil goud.
Pandan 3 lane sa a nan kay la, mwen t ap viv ak frè m epi sè m. Malgre frè m pa t twò estab nan kay la. Men lè l vin Pòtoprens, kantite jou l ap fè a se lakay li fè l.
Anpil difikilte te konn prezante ak prezans 2 fanmi yo nan kay la.
Pou m te evite dife a kontinye boule, mwen te mande manman m ak papa m pou mete mesye dam yo nan kay pa yo.
Sa manman m ak papa m te rive fè.
Lè nou rive novanm 2018, mèt kay la ap bay pwoblèm, madanm mwen pran telefòn, li rele manman m pou manman m aksèpte pou l al rete nan kay sèm yo. Yon bagay ke m pa t aksèpte men pa t gen chwa.
Pandan tan sa a, nou kontinye ap sanble lajan. Mwn lajan pa janm ka rive paske chak nou grangou, nou fouye men ladan l.
Previzyon al rete kay sèm nan, se te pou fen mwa desanm. Mwen di n sa deja, frè m pa t estab nan Pòtoprens.
Men lè pou yo te lwe kay la, se te yo 2 a yo te di k ap vin rete ladan.
Mèt kay kmc bay pwoblèm ak prezans nou.
Mwen menm, madanm mw, pitit gason m ak yon sè madanm mwen.
Lè mèt kay kmc bay pwoblèm, nou voye sè madanm mw tounen Tigwav annatan nou menm n ap pran sekous yo pou n repare n.
Desanm fini, lajan poko janm ka kont. Janvye antre.
Yon jou, pandan sè m ak frè m moute andeyò, li te nan 8h pm. Jou sa a, m fin karese madanm mwen pou m t al fè yon flanbe. Se lè sa a, m resevwa yon apèl de yon fanmi ki di m, kilè w ap kite kay sa a??? Mwen di l te kwè nou konnen lajan kay mwen an poko ka rive???
Vwa kontinye pou di: ki delè ou te di w ap kite kay la, epi ZOZO a tonbe otomatik. Se wè m wè m ap kriye. Madanm mw pran kriye. Nou tou kite plimen an
Vwa a kontinye pou l di. Mwen pa konn si se anba yon pye bwa ou pral dòmi ak fanmi w, mèt kay la ap plede rele nou, mwa janvye a, ou dwe kite kay la. M frizzzzzzzzzzzz.
Se moman sa a, madanm mw ap sonje de yon fanmi pa li ki gen kay puit blain. Lè sa a mwen te rete nan ri Alyans Delma 33.
Madnm mwen di ke li gen yon fanmi k ap fè yon kay Delma 75, puits blain. Men li pa gn kontak li e yo pa janm rankontre depi lè l Pòtoprens.
Li ap di si l te jwenn moun sa a, li t ap kominike ak li. Dwòl konyensidans, madanm mw leve nan maten, li pral nan mache dimòne. Premye moun li rankontre nan lari a, se fanmi sa a.
Li aksèpte pran 3 mil dola nan lajan nou te sere a, li fini 2 chanm kay ba nou epi li pran rès lajan an moso pa moso. Li anfèmen nou 2 chanm nan pou 35 mil goud.
Malgre aprè, li ta pral ba nou yon volim jouman san nou pa fè anyen, nou te oblije kite kay la san nou pa fèmen 1 an.
Se nan moman tibilans sa a, nan yon meditasyon pwofon, nan fè jèn a sèk, mwen ta pral jwenn ide pou m kreye Satyendra Multi Serviços. . E vwa a di m kilès pou m al jwenn pou m kmc ide a.
Nan maten mw leve, m di madanm mwen men komisyon mw jwenn. M mete rad sou mw, m fè sa lide a di m nan. Depi lè sa a, m mèt razè kou chyen, depi m pral pa gen anyen lakay mw, m pa konn kot yon vye dosye sòti.
Depi moman sa a, mwen pa janm pa jwenn lajan pou anfèmen kay epi pran swen fanmi m.
Malgre gen moun ki vini pou dewoute m, men Satyendra Multi Sèvis pa pou mwen. Li gen yon men envizib ki te ban mw l. Moun paka dewoute l.
Jodi a, mwen Brezil, 5 lane aprè, mwen gen machin mwen, pwòp kay pa m. Sa a w ap gade sou ekran an ak tout imóvel moun bezwen pou viv.
Istwa sa a pa istwa envante. Se reyalite m e m ap pote plis pou ou.
Ki istwa pa w?????
Pataje l ak yon lòt.