29/04/2020
ÈSKE sa rive w deja pandan w ap gade nouvèl ou fè refleksyon sa a: ‘Ou kwè bagay yo ap vin pi mal?’ Tèlman gen anpil malè ak mechanste, gen moun ki kwè nou pa lwen lafendimonn. Èske se vre? Èske gen yon fason pou nou konnen sa k pral rive alavni? Wi. Byenke lèzòm pa ka anonse sa k pral rive, Jewova Dye kapab. Nan Labib li fè nou konnen avni nou ak avni tè a. — Ezayi 46:10; Jak 4:14.