29/03/2021
Mwen nan Konfizyon pirèd.
Depi 2 jou konsa, tout rezo sosyal nan Peyi Dayiti pran dife, tout moun ap kòmante, chak ap pote yon jijman diferan e genyen tout ki pa gen okenn agiman se fè endeksyon ak kloure yon kreyati BonDye.
Mèsi, se tit mizik Ke Chorale DEG ak Rutshelle fenk kolabore ansanm lan.
Prezans Rutshelle parèt pou Sila ki pote non Kretyen yo, kòm yon wont pou Levanjil.
Anpil enèji ap degaje patou nan sektè a, genyen ki sanse mete DEG de kote, pou yo, DEG se yon ajan pou djab nan Sektè a.
Sa m ap di la a se vre wi, si enèji nou degaje pandan 2 jou sa yo pou n sèlman lapide DEG ak Rutchelle la nou te transfòme l an enèji pozitif pou n te pataje lanmou de preferans, se t ap bon anpiilllllllllllll. Nou te ka jwenn rezilta ak li, ak enèji lanmou sa a nou ka bay Rutshelle gou pou l vin goute sa n ap viv la.
Bib la di Jezi rankontre fanm, men se te yon fanm ki t ap mennen vye vi. Jezi pat annik tonbe lapide dam lan pou l di l kite peche, fanm sal, fanm sesi sela, men li te konvèse ak li dabò jiskaske Dam lan te pran konsyans de eta li e l te fè yon lòt chwa.
Kòm modèl moun nou genyen k ap dirije legliz yo se lapide yo aprann nou lapide, kontinye lapide.
Franchman mwen pa wè ak kisa nou sanble, Si Kris la ta deside trete nou youn aprè lòt jan n ap trete DEG ak Rutshelle la, ou panse l t ap dous?
Nou ògeye, kè nou di e lanmou absan ladanl.
Pafwa menm lè yon moun vin aflilye lakay nou, nou pa montre l ke renmen l. Moun lan konn konvèti, paske l temwanye pase li nou toujou kwè ke l pa ka chanje.
Janm konn tande n ap chante si n te bwa nou ta balanse, ak branch nou yo, nou ta bay BonDye glwa. Si n te zwazo, nou ta vole ak zèl nou yo, nou ta louwe BonDye. Nou konn avamse pou n di a chak fwa branch bwa yo spuke se louwanj y ap fè pou BonDye, lè zwazo yo chnte se pou BonDye y ap chante. Sa vle di Pye bwa yo, zwazo yo ka louwe BonDye, men Rutshelle pa kapab?
Kote n jwenn ak teks ki di l la?
Se pou tout sa kap respire fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!
Sòm 150: 6
Mwen pral di ou mèsi, O Seyè, ak tout kè mwen mwen pral rakonte tout bèl bagay ou yo.
Sòm 9: 2
Seyè a se fòs mwen ak plak pwotèj mwen. se nan li ke kè m 'mete konfyans li. Kè m 'kontan, mwen fè lwanj li ak chante mwen yo.
Sòm 28: 7
Paske bonte ou pi bon pase lavi. Bouch mwen selebre lwanj ou. Se konsa, mwen pral beni ou tout lavi mwen, mwen pral leve men m 'rele sou ou.
Sòm 63: 4-5
Se ou ki te fòme ren mwen, ki te trikote m 'ansanm nan vant manman m'. Mwen fè lwanj ou paske mwen se tankou yon bèt bèl bagay. Travay ou yo admirab, e mwen rekonèt li byen.
Sòm 139: 13-14
Se pou bouch mwen plen ak lwanj ou, se pou li pale de bonte ou chak jou!
Sòm 71: 8
Granmèt la gran, li merite pou l ’resevwa tout lwanj; grandè l’ pa ka fouye l ’ankò.
Sòm 145: 3
Tout sa k gen lavi nan syèl la, sou latè, anba tè a, sou lanmè a, tout bèt ki la, mwen tande yo t'ap rele byen fò: "Pou moun ki chita sou fòtèy la ak ti Mouton an fè lwanj, respè , laglwa ak dominasyon pou tout tan! ”
Revelasyon 5:13
Nou sanble pa respekte lavi ke Bondye mete nan lòm lan?
Kris lan sanble te vini pou sèlman moun ki bon yo? Se Moun ki gaya ki dwe jwenn swen? E malad yo, sa n ap fè ak yo?